Translate this page

NOU TOUT DWE JWENN + NOU TOUT AP JWENN = NOU TOUT JWENN

FÒK SA CHANJE

samedi 3 décembre 2016

1 000 000 anplwa pandan 5 an


Kalkil 1.000.000 djòb la senp:
1) 5 izin pa depatman kididonk 50 izin nan tout peyi a.
2) 4.000 djòb pa izin kididonk 20.000 djòb pa depatman. (Gwoup maten - aprèmidi - aswè - lannwit).
3) 20 000 djòb chak ane pa depatman
4) 100 000 djòb pa depatman sou 5 an
5) 100 000 djòb pa depatman × 10 depatman =
1.000.0000 djòb sou 5 an
6) Efè miltiplikatè 50 izin sa yo:
Nan tout peyi ogmantasyon 20 000 djòb chak ane nan diferan sous aktivite pandan 5 an:
- lòt izin an amon e an aval ap kreye
- kreasyon ou devlopman lòt aktivite sèvis
- konstriksyon katye kote gen kay ou apatman anplwaye ka achte nan pwogram gouvènman an pou tout moun jwenn opòtinite pou vinn pwopriyetè.
- konstriksyon enfrastikti piblik: sikwi kouran nan tout peyi a - wout - imèb leta - lekòl - lopital - sant lwazi piblik - kanal irigasyon pou agrikilti - rezèvwa dlo potab pou sèvi tout popilasyon an.
Se peyi a kap vinn an chantye. Tout aktivite sa yo ap bay djòb.
Men kijan lap fèt:
7) Indistri tekstil pou fè rad pou popilasyon an ak ekspòte diplis la ou reponn kòmand.
8) - Koton -> Fil -> Twal -> Rad ak lòt bagay
- Fè tenti pou ba fil koulè
- Fè lwil manje ak grenn koton an
- Pay koton an pou manje bèt
9) Elvaj -> Endistri lèt - fwomaj - yogout
-> Endistri vyann
-> Endistri kwi (mawokinri)
-> Endistri soulye - sentiwon - mèb -
valiz etc.
10) Se te 2 egzanp gen lòt toujou
Nan chak kwen nan yon depatman ap gen yon izin kap fonksyone 24/24 e 7/7.
Jean Poincy
Kandida pou Prezidan
15-11-2016

Aucun commentaire: